Koumanse pa toujou fasil, pafwa ou konn gen anpil dout ki anpechew abouti a rezilta ou espere. Ou konn gade sou tout difikilte ou ka rankontre, epi sa vin baw dekourajman, men si ou te konnen wap reyisi ou patap ezite. Se konsa pouw toujou lansew nan wout ou vle pran, pa gen okenn fason pouw pa jwenn rezilta ou vle siw kontinye eseye e aprann de tout fo pa ki te konn ap deranjew. Kontinye travay epi pa sispann eseye tout fason ou konnen kap edew reyisi. Pa dekouraje!